Manje sale podcast - podcast cover

Manje sale podcast

Manje Sale podcastwww.spreaker.com
Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap fè w reflechi...Nou la pou tout moun.

Menm si manje sale ouvri a tout moun gen 3 kondisyon pou manje sale:

1- Fè rechèch pa w. Aprè w fin koute yon epizòd, al sou sit nou an kote w ap jwenn tout kalite sous, video, dokiman ke nou itilize pou kreye podcast yo.

2- Manje sale pa yon epas pou timoun. Nou itilize langaj ki vilgè. Se pa nou ki pral louvri lespri tilèzanj yo.

3- Manje sale se yon epas ki santre fanm sitou fanm Ayisyèn.

Non pa mwen se Lilith, mwen gen 25 an, mwen konsidere tèt mwen agnostik, mwen kwè nan lasyans e mwen 200% sipòte kominote LGBTQIA a
Last refreshed:
Follow this podcast in the Metacast mobile app to refresh it and see new episodes.
Download Metacast podcast app
Podcasts are better in Metacast mobile app
Don't just listen to podcasts. Learn from them with transcripts, summaries, and chapters for every episode. Skim, search, and bookmark insights. Learn more

Episodes

Madan papa. Sugar daddy. Gason sa yo k ap bay lajan e fanm sa yo k ap pran lajan. Pou yon mache ekilibre fok of la egal ak demann lan

MizIk: POUSYE D-Fi Softrabbits. Poukisa w gen 99 jijman pou fanm k ap pran lajan nan men gason an men 1 grenn sèlman pou gason k ap bay lajan an? E grenn jijman sa se «poukisa se pa mwen»? Poukisa se pa mwen. Admèt li. Ou t ap renmen pou yon gason ap vide lajan sou ou menm jan yo fè modèl yo. Welp anpil moun ta renmen sa. Ou menm tou garson, ou t ap renmen gen lajan, gen chanpay, gen bato pou w ap depanse a. It’s alla about power. Nan yon mond kote gason kreye e pwofite de kapitalis, pran lajan ...

Mar 22, 202113 min

BOBISTÒ. Kijan 200% Ayisyen patisipe Nan Blanchiman Po.

Ou pako janm itilize yon krem sou po w. Ou renmen ti po nwa fen w. Kijan w patisipe nan koze douko sa? Nou tout koupab de kolorism. Nou tout patisipe nan kolorism. Ou menm, mwen menm, gran papa w, gran papa m , chyen ak pinèz sou kabann nou, nou tout se kolorist.

Jan 07, 202129 min

Konsantman ak yon K

Nan epizod sa nou diskite sou konsantman ak limit konsantman. Tout wi pa wi e kijan nou ka konnen si wi a se yon wi toutbon.

Dec 23, 202022 min

Nou Ale. X D-fi

Èske kite legliz la se toujou yon bagay fasil? # Nan epizòd sa, mwen ak Emma ki se 2 ti mounton pèdi, pèmèt tèt nou pale san filtè sou pasaj nou nan legliz. Nou pale de wòl nou, nou pale de sa nou viv anndan legliz la, nou pataje nostalji nou, eksperyans nou ak lòt ti kò kretyen e nou menm bay konsèy pou jèn parèy nou ki nan legliz e ki “confus as hell”

Nov 03, 20201 hr

Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè

Ou gen “daddy issues ” ou gen pwoblèm papa, papa w pa t nan lavi w. Se sa nou souvan di fanm lè yo di yo rayi gason. Oubyen lè yon fanm gen tandans atache l twò vit a gason. Si fanm rayi gason paske papa yo pa t yon bon papa, kisa nou ka di de fanm ki se premye lenmi fanm? Èske medam sa yo gen mommy issue? Nan epizòd sa nou pale de relasyon manman ak pitit fi Ayisyèn. Nou pale de difikilte ki genyen pou yon manman renmen pitit fi li. Nou fè diferans ant lanmou matènèl e ensten matènèl Nou pale d...

Sep 29, 202055 min
For the best experience, listen in Metacast app for iOS or Android