Framework Conversations - podcast cover

Framework Conversations

Davidson Julespodcasters.spotify.com
Become a Paid Subscriber: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe Join leader, optimist and change maker Davidson Jules as he sits down with some brilliant, inspiring and wonderful guests on their life stories and changes they are making to this world and people's lives. We talk about educational leadership, personal development and topics that matter for sustainable solution. Our goal is to Motivate, Encourage and Inspire! "If your goals don't influence your calendar, they aren't really your goals". Kent Ingle.
Last refreshed:
Follow this podcast in the Metacast mobile app to refresh it and see new episodes.
Download Metacast podcast app
Podcasts are better in Metacast mobile app
Don't just listen to podcasts. Learn from them with transcripts, summaries, and chapters for every episode. Skim, search, and bookmark insights. Learn more

Episodes

Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!

Nan epizod sa, nou wè 5 fason ke yon moun kapab gen yon konvèzasyon ki difisil swa avèk ekip li, manm fanmil oswa patwonl sanl pa rive kreye plis konfli. Youn nan egzanp nou site nan epizod sa nan sa ki gen wè ap dirije avèk konpasyon se egzanp Jeff Weiner te pataje nan konvèzasyon li avèk Oprah; kote lap esplike move entèpretesayon anpil moun fè sou sa ki gen pou wè ak lè yon moun ap dirije avèk konpasyon ak kisa konpasyon pa ye. Nou rete kwè gen plis fason toujou ke moun ki nan pozisyon pou di...

May 07, 202313 minEp. 29

Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Nan epizod sa, nou pale sou kòman ou kapab koupe fache ak move ABITID yo epi pataje 2 aksyon siw aplike kap edew fini ak move abitid sa epi vini moun ke ou vle ye a. “Lespwa pa kapab chanje modèl lidèchip ou. Men abitid ou yo ka chanje modèl lidèchip oswa kalite moun ke ou ye a." James Clear: « Chanje konpòtman pi enpòtan epi lap dire pi lontan lèw pran tan ki nesesè a pouw rive fè chanjman sa, se konsistans kap baw rezilta sa parapò ak tan an». Youn nan Bagay mwen vle atire atansyonw sou li, se...

Feb 05, 202316 minSeason 4Ep. 28

3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj...

Mar 15, 202220 minSeason 5Ep. 27

Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo… Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou. Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew ...

Jan 13, 202216 minSeason 5Ep. 26

Ayiti - Lajenès - Sendomeng (E si tout sa yo te di nou yo, se te MANTI… 🤔).

Epizòd sa son epizòd ki anrejistre nan yon kad espesyal. Envite nou pou epizòd sa se Jean Marley Steeve Cantave; ansanm ak Cantave nou pale sou pwosesis entegrasyonl antanke jèn Aysyen ki te debake nan Sendomeng sa pral gen 6 lane. Ansanm nou eseye konprann Jan 2 peyi vwazen sa yo fonksyone, opòtinite ak pwoblèm ke jèn nan 2 peyi a sa yo ap fè sa men tout fenomèn Aysyen ki ale Viv Sendomeng pa grap nan denye moman sa yo. Epizòd sa plis baze sou eksperyans envite a nan tout 2 peyi sa yo, pandan l...

Aug 30, 20211 hr 43 minSeason 4Ep. 25

Poukisa yon Lidè sispann GRANDI?

Sak pase! Non pam se Davidson Jules e byenvini nan Framework conversations. Majorite moun swete wè bagay yo chanje, yo plis ke motive pou yo chanje mond lan, men anpil nan nou pa konsyan ke li preske enposid pouw chanje anyen nan mond sa si tout fwa ou pa deside kòmanse chanje tèt ou anvan. Nan epizod jodia nou pral pale de 4 abitid pami anpil lot ki ka fè yon lidè oswa nenpòt moun Lan sispann grandi. 4 abitid ki ka fè yon lidè ou nenpòt moun sispann grandi, e tou depan de kisaw fè kòm aktivite ...

Jun 21, 202120 minSeason 4Ep. 24

Marie Jenny Dorléan yon modèl Lidèship Feminin Poun Ankouraje (ansent a 16 zan daj...CEO Bèlpanyen)

Nan epizod sa nou prezantew Marie Jenny Dorléan, ki son lidè, yon jèn fanm angaje, inisyatèz diferan aktivite kominote yo e ki reprezante Kenscoff komin kotel soti avek anpil fyète. Jenny ap dirije Pwòp bisniz li kison statòp sou non “Bèl Panyen”. Bèl Panyen son biniz ki fasilite moun achte fri ak tout kalite legim frè pou nenpot okazyon. Wap ka visite oswa komande saw vle a sou Paj Facebook ak Instagram biznis lèw tape “Bèl Panyen”. Pandan tout konvèzasyon an, Marie Jenny Dorlean pale nou de Kè...

Mar 08, 20211 hr 19 minSeason 4Ep. 23

Yon pi bon lane 2021, depann de Aksyon-Chwa Ak Desizyonw yo...

Epizod #22. Pwemye epizod nou pou ane 2021 an e pwemye epizod tou pou sezon 4 la. Nan epizod sa nou remesyew antanke moun ki fè de podcast sa youn nan preferel, moun ki pat sispann pataje epizod nou yo ak yon zanmi, fanmi etc... Ladanl nou ankourajew pran desizyon epi poze aksyon nan bon sans Lan kap pemet ou rive atenn objektif kew sikse pou ane 2021 sa, nou pataje 3 aksyon avew pami anpil lot aksyon wap gen pouw poze pandan tout pwosesis la pouw vini yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia, vin...

Jan 11, 202121 minSeason 4Ep. 22

Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles

Pandan yon kategori jwenn diferan eskiz pou justifye rezon kifè yo pòv nan pran initiativ, oswa pòv nan kapasite Kreyativ yo de manyè jeneral... An patikilye pandan ane sa kite yon ane ekstrèmeman difisil pou anpil rezon; Gon lot kategori ki pa janm sispann Travay, ki pa sispann kreye e ki pa janm sispann inove. Envite nou pou epizod sa, fè pati de kategori moun sa yo ki pa sispann kreye eki kwè ke li plis ke enpotan pou se nou ki gen kontrol sikonstans yo olye ke se sikonstans yo ki dikte nou s...

Dec 29, 202053 minSeason 3Ep. 21

Okenn echèk pa fatal!

Pou anpil nan nou mwa desanm se mwa pou nou evalye rezolisyon ke nou te pran pou ane sa, gade kiyes ladan yo, nou rive reyalize, kiyès ki pa lwen reyalize ak ki lòt pami yo ou pap gentan reyalize pou rès ane a. Majorite nan nou Toujou gon eksplikasyon pou chak sak rive nan lavi, pou chak desizyon ke nou pran, chak pawòl ak aksyon ke nou poze etc... Pou kèk moun, pa rive reyalize yon rezolisyon kel te pran son echèk, e tout moun pa dijere yon moman echek menm Jan e se pa tout moun tout ki ka rive...

Dec 24, 202014 minSeason 3Ep. 20

Kisa Depandans Afektif ye? Avèk Germinie Saintelve ,ki rive geri de patoloji sa apre plizyè ane.

Nan epizod sa Germinie pale nou de eksperiyans li Ak maladi (patoloji) sa pandan plizyè ane, yon eksperiyans ki rive koze divòs li avanl te geri de maladi a. Germinie eksplike nou tou rezon ki pousel kreye Vlog ki rele « @Liberekèw » ki disponib sou pifò media an liy yo sou non: @liberekew ! Liberekèw son platfòm tou ki bay asistans Ak moun kap Viv ak patoloji sa, platfòm Liberekew ofri ankadremanl Ak moun sa yo nan lide pou ede yo konprann kisa maladi aye epi ede yo venk depandans Afektif la. N...

Dec 21, 202031 minSeason 3Ep. 19

Kisa Ou vle nan lavi? Kesyon mitik tout akonpaniatè,z. Poukisa? Avèk kotch espirityèl Guersye Beine.

Avèk Guersye Beine, kotch espirityèl nap chèche konprann kisa travay yon kotch de vi or kotch espirityèl ye? Aki moman nan lavi, yon moun ap konnen kel bezwen èd yon akonpaniatè? Diferan espesyalite ki genyen nan mond kotchin lan? Enpòtans yon kotch nan lavil? Se tout kesyon sa yo nou pral eseye eklèsi ak kotch espirityèl Guersye nan epizod sa. Nou pale tou de misyon Guersye kise rive touche 15 Milyon moun nan travay li ak pos li yo sou medya sosyal yo kotel ap pwone Pozitivite, chanjman, yon vi...

Aug 07, 202052 minSeason 3Ep. 17

Poukisa Sante Mantal Ou Osi Enpòtan... avèk Sikològ Natacha Desir!

“Lè Sitwayen yo rive jwenn ekilib mantal yo, sa pèmèt nou gon sosyete ekilibre lè sa nou rive pi byen fonksyone youn ak lòt”. Nan epizod ansanm ak Sikològ Natacha Desir nou eseye defini kisa Sikoloji a ye antanke siyans, enpotans li nan sosyete a, kisa ki travay yon Sikològ ak diferan espesiyalite ki liye ak domèn Sikoloji. Nou wè ansanm kek nan rezon kifè yon moun ka bezwen wè yon Sikològ men sitou eseye etabli diferans ki genyen ant yon Sikològ ak yon Sikiyat. Nou pale tou de travay Natacha kò...

Jul 17, 202043 minSeason 3Ep. 16

Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw!

Epizod sa son rezime de tout Sak pase nan sezon 2 a , ki pale de diferan gès nou te resevwa ak diferan sijè nou te trete nan diferan epizod nou yo epi pataje omwen yon konsèy avew ke nou kwè kap itil ou nan pwosesis ou ye a. Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw! Anpil fwa sikonstans yo konn vle ba nou enpresyon kel mye poun kite ke se evenman yo ki gen kontwòl lavi nou olye ke se nou ki gen kontwòl evenman yo nan lavi nou. Nan yon situati...

Jul 07, 202011 minSeason 2Ep. 15

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Li paret fasil pouw pale oswa ekri sou sa ki gen rapò ak lidèship men Sè pa yon bagay Ki toujou fasil pouw asime kapasitew antanke lidè.... Mrenmen repete souvan ke Lidèship nan limenm son bagay ki kontekstyèl, e pakou nou nan pwosesesis la kom lidè gon fom sinizoyidal e poutèt sa lidè yo dwe toujou ap evalye tet yo parapò a moun yo te ye avan e moun yo vin ye jodia. Menm Jan laviw gen enfliyans sou antouraj ou, se menm Jan an vi paw ap rive enfliyanse pa tout sa kew bay pèmisyon pou antre nan l...

Jun 20, 202012 minSeason 2Ep. 14

Komanw kapab rete fokis sou Rèv ou! Yon konvèzasyon Davidson avèk Dieuvela Bien Aimé pou FC podcast

Semèn sa nan Framework conversations, nou te gen chans chita pale ak jounalis / antreprenè Dieuvela Bien Aimé kise CEO Dieuvela Store. Chita pale sa de fokis sou eksperiyans li kòm antreprenè; sou diferan difikilte ke li rankontre nan fè biznis, men sitou gade kisa ki edel simonte difikilte sa yo , rete fokis epi pèmèt ke li kontinye avanse. Nan epizod sa, Dieuvela pataje ak nou 6 pami anpil lòt valè ke li panse ke moun kap fè biznis dwe entegre (enkòpore) nan fason yap jere biznis de fason jene...

Jun 04, 202050 minSeason 2Ep. 13

Konvèzasyon Davidson Jules ak Etzer Louis Charles jèn Antreprenè, Lidè epi Toastmaster. Liv-li

Nan konvezasyon mwen ak Etzer, nou te gen chans pale de antreprenaria, lidèship epi eksperiyans li antanke toastmaster. Nan menm epizod sa Etzer pale nou de youn pami diferan otè preferel yo; li pale de Alibaba (Jack Ma) kise Se youn nan antreprenè Ki son sous motivasyon pou li. E nan yon lis de 5 lidè ki gen gro enfliyans sou li ak sou desizyon ke lap pran nan kad aktivite ke lap lid yo Yon non tankou Stanley Baptsite se youn ladan yo... 3 pami tout lot karakteristik ke yon lidè dwe metrize ala...

May 24, 202034 minSeason 2Ep. 12

Enpotans liv ak lekti genyen sou kalite moun nou ye jodia ak moun nap ye demen!

Nan epizod sa Gaetan pale de pwemye rankont li ak liv e poukisa daprè li, li kwè ke liv nou li gen anpil enfliyans sou modèl moun ke nou ye. Ansanm Nou pale de diferan lidè kite enfliyansel nan anfans li men tou lidè ki fasone modèl lidè ke li ye jounen jodia. Nou gade ansanm anpil bèl inisyativ kel ap fè nan kominote kòm lidè san nou pa bliye blog kel ekri etc... Jan nou toujou fè sa nan epizod avan nou yo, Gaetan pataje kek konsey lidèship ke daprè li nou ta sipoze aplike poun amélyore kapasit...

Apr 24, 202026 minSeason 2Ep. 11

Koman Ou kapab transfome satiman perez ki nan ou a kom yon sous motivasyon pouw kontinye avanse!

Amezi ke chak jou nap aprann bagay nouvo sou pandémi an, situation enprevizib sa yo egzije nou anpill nouvo strateji. Se responsablite pa nou kom lidè poun pwoteje moun ke nap lid yo oswa ekip nap dirije fas ak situation enprevizib parapò ak desizyon ke nap pran. Pandan moman kriz yo li fasil pou santiman perez anvayi nou e son bagay nomal ke santiman sa vini, sof ke nou sipoze tranfome perez sa kom yon sous motivation pou ou menm kom lidè epi pou manb ekip ou. Paske Nan ka kontrè pè sa ka koze ...

Apr 09, 202019 minSeason 2Ep. 10

Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!

Mpa rete kwè ke gen yon pi gro défi ke ensètitid! E Ensetitid se youn nan défi ke anpill dirijan rankontre souvan. Nenpòt defi ke nou abitye rankontre nan aktivite ke nap mennen yo, Mpa kwè ke nou te janm rankontre yon situation ki osi enprevizib ke pandemi sa ke mond lan ap fe fas jounen jodia. Nouvel nap tande chak jou sou Koman pandemi sa ap vale teren nan mond lan, ba nou ase rezon pou nou pedi kontwol panse ak refleksyon nou yo, fè nou aji tankou moun Ki pèdi bon sans yo, e nan yon moman pa...

Apr 07, 202011 minSeason 2Ep. 9

Koman talan ak pasyon Ralph pou foutbòl pèmèt li jwenn yon bous etid pou antre nan inivèsite...

Mwen te gen chans chita pale ak Ralph Nathanael André, owsa Natty pou sila yo Ki son pwoch. Ralph son jeune Aysyen-ameriken kap evolye kom soccer player nan peyi etazini, jwet ke anpill ansyen renmen e ke nou rele Foutbol nan langaaj pa nou. Ralph komanse devlope lanmoul pou jwet sa Depil te tou piti men se te avek anpill kontrent nan period sa... paske se pa toujou yon chwa Ki fasil, le manmanw ak papaw Se Aysyen natif natal🤣😂, nou konn pawol la deja! Tout paran swete ke pitit pa yo a vini yo...

Jan 31, 202043 minSeason 2Ep. 8

Rezime sezon 1 an

Epizod sa se epizod ki boukle pwemye sezon nou, ladanl nou fè yon rapel jeneral de tout sa ki te pale nan 6 pwemye epizod nou plibliye pou sezon 1 an. Nan pwemye epizod la nou te prezantew podcast la, diw ki kote ide poun kreye podcast la soti, kisa ki motive nou epi ki objektif ak vizyon ki anime chak grenn epizod ke nou pibliye yo. E nan epizod 2 a nou te prezantew 7 karaktè ke yon moun dwe kiltive. Nan epizod 3 la nou te pale de enpotans relasyon, kise aspè ke nou konsidere kom bagay ki pi en...

Jan 07, 202010 minSeason 1Ep. 7

Moman fen ane, period kote nap pran rezolisyon / fikse objektif pou ane kap antre a.

Period kote yon ane ap fini pou yon lot antre, tradiksyon yo fè ke nou toujou pran rezolisyon ak fikse kisa objektif nou yo ye pou ane kap antre a. E anpil moun toujou renmen antisipe sou kisa ane sa pral pote pou yo, anpil moun toujou kwè ane sa pral miyò ke sa kap fini an m’en anpil nan nou pa rann kont ke pou ane a pi bon ke sak prale fok dabò nou dakò chanje abitid nou yo epi aksepte fe efo Ki nesesè pou ane a ka pi bon vre. Etid ak statistik ke Harvard Business fè, montre ke moun ki ekri ob...

Dec 29, 201919 minSeason 1Ep. 6

Karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè!

Pa gen anyen kom karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè, ke kreye epi mentni konfyans moun ke lap lid yo. Youn nan rezon kifè lidè yo kapab enfliyanse lot moun se paske moun sa yo fè lidè sa yo konfyans. Moun ka gen respè pou ou, yo admire kantite bagay kew konnen, yo ka gen senpati pou ou, yo renmen travay ou, men sa pap fè ke yo pa poze kesyone sou aksyonw yo, esi tout fwa yo pa few konfyan chak aksyonw oswa desizyon kew pran ap toujou yon sijè diskisyon pou moun sa yo. Map redil, Pa gen oke...

Dec 24, 201914 minSeason 1Ep. 5

4 Fason lidè yo ka kreye relasyon ki dirab!

Epizod sa de 4 fason lidè yo ka kreye yon relasyon ki dirab nan fason yo jere relasyon yo ak moun ke yap fonksyone. Nou eseye eksplike ak montre poukisa li enpotan pou lidè yo de kreye kontinyelman youn nan pi gro priyorite ke yo sipoze genyen. Nou pale sou etid ke konpayi ki rele Bluesource fè sou sa ki gen pou wè ak pwodwiktivite anndan òganizasyon ki ogmante de 25% lè ke moun kap travay anndan òganizasyon yo rete konekte youn ak lot epi ak lot òganizasyon. Nou prezantew sa ki fè diferans ant ...

Dec 21, 201913 minSeason 1Ep. 4

Relasyon, aspè ki pi enpotan nan lidèship!

Epizod sa pale de aspè ki pi enpotan nan sa ki gen pou wè ak lidèship ki pa lot ke RELASYON. Nou prezantew 3 aksyon ke yon lidè dwe toujou fè, pataje eksperyans pèsonèl mwen avew parapò ak sijè a epi kitew avek kek konsey kap itil ou. Pataje kek Komantè ke nou te resevwa de oditè yo.... Pou mwen aspè ki pi enpòtan nan lidèship se relasyon. Relasyon ou devlope ak moun Ki nan antouraj ou oswa ak moun ke Wap fonksyone, E malerezman anpil moun oswa anpill lidè poko ka vreman metrize aspè sa. Relasyo...

Dec 18, 201913 minSeason 1Ep. 3

7 karaktè ke yon moun dwe kiltive

Nan epizod sa nou prezantew 7 karaktè ke mwen konsidere kom 7 aksyon ke yon moun ta dwe kiltive e kap pemet vi pèsonèl ak Òganizasyon ke wap dirije ale nan lòt nivo a. 7 karaktè sa yo se: 1- Ou dwe fè de tèt ou yon moun ke lot moun ka fè konfyans. 2- Ou sipoze kwè nan tèt ou. 3- Ou sipoze yon moun ki sousye de lot moun. 4- Ou sipoze yon moun ki fòme epi enfòme. 5- Ou sipoze yon moun ki angaje. 6- Ou dwe Otantik, yon moun ki vrè. 7- Ou dwe pèswazif, konvenkan. Nan epizod nou prezantew 7 karaktè s...

Dec 12, 201915 minSeason 1Ep. 2

Prezantasyon Framework Konvèzasyon podcast

Sa se pwemye epizod Framework Konvèzasyon, ki se yon podcast esansyèlman baze sou lidèship òganizasyonèl ak devlopman pèsonèl nan objektif pou pèmèt Ou mennen projè pèsonèl ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Nan epizod sa mwen prezante tèt mwen Davidson Jules bay odyans lan kòm inisyatè podcast sa, pale de kisa ki motivem kreye podcast sa ak objetif yon podcast konsa. Mwen eseye eksplike tou koman epizod nou yo pral prezante... Youn nan objektif podcast la se gade Koman nou kapab rek...

Dec 09, 201914 minSeason 1Ep. 1
For the best experience, listen in Metacast app for iOS or Android